@demon__509_lemaitre: Spaume yo se pa sèlman vėsė biblik ou ka li lė ou anvi lapriyè, men se veritab pawòl sakre ki soti nan kè moun Bondye te chwazi, ki te viv verite lavi a, ki te pase nan difikilte, kè sere, lajwa, viktwa, e ki te kite eksperyans yo kòm eritaj espirityèl pou chak jenerasyon. Spaume yo, yo chaje ak pouvwa, mistė, senból ak verite ki fon anpil, e chak fwa ou pran tan pou li yo ak kè sensė, ou pa jis ap li pawòl, ou ap konekte ak yon dimansyon sakre kote ou mete tèt ou an kontak ak volonte Bondye, ak defans li, ak benediksyon li, ak delivrans li. Liv sa a se pa ti liv li ye: li se liv ki pi itilize nan tout Bib la, paske li pale ak tout dimansyon imen nou yo-lè nou santi nou pè, lè nou santi nou mechan, lè nou vle mande padon, lè nou vle selebre, lè nou vle lapriyè, lè nou vle jwenn rekonesans, lè nou bezwen sekou, lè lènmi sou nou, lè nou bezwen jistis, lè nou bezwen pwoteksyon, le nou nan nwaj, lè lespwa kase, lè lespwi nou boulvėse, e menm lè nou pa gen mo pou nou di. Spaume yo sèvi kòm vwa lespri, kòm zam espirityèl, kòm chante litiji, kom limyè nan fènwa, kòm espwa pou nanm ki fin bouke, kom mayetik sakre ki rale prezans Bondye sou lavi ou. Lè ou li spaume yo, ou ka chanje atmosfè ou, ou ka netwaye zòn ou, ou ka chase lespri fènwa, ou ka atire favè, ou ka pote delivrans, gen ki pou benediksyon, gen ki pou lagè espirityèl, gen ki pou entimite ak Bondye, gen ki pou defann tèt ou kont mechanste, gen ki pou kalme lespri w, gen ki pou beni kay ou, gen ki pou w fè chenn kraze. Pafwa li ase pou ou li yo ak lafwa pou ou santi chay la desann, pou ou jwenn lapė, pou ou mete lènmi anba pye. Men pou sa rive, ou dwe li yo pa kòm senp tèks, men kom pawòl ki vivan, kóm zam, kòm manchèt espirityėl, kòm vwa ki pale pou ou kote ou pa ka pale. Spaume yo pa senp tèks relijye, se dokiman mistik ki travèse syėk, se priyè wa, pwofèt, prèt, pèp, ak vizyonė te fè lè yo pa te gen lòt chwa pase mete konfyans yo nan Bondye. Si ou konn jan pou itilize yo, ou mete ou sou yon chemen mirak, favè, chanjman, ak restorasyon. Tout sa ou bezwen se lafwa, pasyans, ak konpreyansyon. Pa janm gade sou spaume tankou chapit ou li pou mete konsyans ou an repo. Gade yo tankou manchèt sakre, tankou limyè sou chimen ou, tankou zam ou leve pou defann tèt ou, epi ou pap janm rete menm jan. Spaume yo se syans espirityėl, mistè sen, pawòl Bondye ap itilize pou I mete limanite anan kontak ak fòs li, ak pouvwa li, ak lanmou li, ak delivrans li. Ou santi ou pè? Li Sòm 91. Ou bezwen favè? Li Sòm 23. Ou bezwen jistis? Li Sòm 35. Ou vle remèsye Bondye? Chante Sòm 100. Chak mo, chak vèsè, se pa ti pawòl li ye, se zam, se kle, se limyè, se benediksyon. Se poutèt sa, moun ki konprann sa pa janm jwe ak spaume.

Demon__509♑➕👁️➕🔯🟰👁️‍🗨️⚕️
Demon__509♑➕👁️➕🔯🟰👁️‍🗨️⚕️
Open In TikTok:
Region: HT
Tuesday 20 May 2025 00:16:26 GMT
45776
1730
140
429

Music

Download

Comments

www.dinathdupas.com
Dina chérie‼️ :
Janm renmn teste ou voyem al disparet Ebien m pral fel wi siw we sa
2025-05-23 01:28:19
1
john.marlly.archi
John Marlly Archibald :
Kounya nou ajoute pa nou nan liv sòm lan ? Aprè 150 lan fem konnen kote map jwenn rès yo souple🙏🙏🙏
2025-05-23 14:45:07
2
soulragesoulrage
soulragesoulrage :
Nan ki liv mp jwenn psaume 170 la mezanmi ?????😩😩😩😩😩 M toumante nan nuit lan map cheche Som nan li kache.
2025-05-23 22:19:59
0
papy_ig__509
papy_ig_509 :
lew disparet la koman pou fh pou revini anko🥺
2025-05-21 19:37:41
3
yglendylamour
Baby Girl :
M pa bezwen 8 la 😌 et de plus m pa kwè Bible la pa gen tt Sòm sa 😌😌😌
2025-05-22 23:14:53
0
cynthiadelone
cynthia005 :
se moun sa yo Bondye ap jije pi byen wi nou met définition pa nou nan sòm yo🙄🙄
2025-05-23 21:12:23
0
mandelo608
Mandelo 608 :
bib q gen plis ke 150 son yo pa komèsyal AK gran piblik non Koman w k ede n
2025-05-21 04:14:35
1
camsizejeangmail.com
casoo :
spaume yo danje 🙄
2025-05-21 03:27:48
1
jaccne.charles
Jaccène CHARLES :
konbyn moun lè yo tande yap disparaître aprè 5 segond ki kouri nan kòmantèa menmjan avèm🤣🤣🤣🤣🤣
2025-05-21 09:50:19
38
cranesondede
crane :
apre konbyen seconde map re paret
2025-05-20 16:51:30
8
tantenana49
Tante Nana ♊️ :
sim te konnen jan poum tounen mal li sòm 196 la
2025-05-22 17:05:08
3
karma22120
Aucun rêve n'est trop grand. :
mfin lire som nan 3 fwa mte Haïti menm wèm en Suisse wi😳😳😳, kisa poum fe poum retounen svp
2025-05-22 23:51:01
4
lorisme.snayder
Lorisme snayder :
lè disparèt la kibò mw pral tonbe🙏
2025-05-22 13:53:12
2
evensonjeanbaptiste7
J.B.🦅 :
bro di nou kisa pou niu fe poun retounen avan m fel
2025-05-22 14:12:32
2
ninooo4313
Ninooo😍😍 :
kote yo jwenn som 170 la menm??😂
2025-05-23 00:24:40
2
daveleverseau13
♒️Dave Le Verseau♒️ :
se pa a som 150 li rive?
2025-05-21 02:24:54
3
13fabienne
13DIFERAN L'ENFOIRÉ 🤞🤞💕💕🤩 :
8)e lèm disparet la kotem prale souple
2025-05-22 04:29:20
2
ange184152
la princesse 🫅 :
m ta disparu Al USA après m ta retounen lé peyi a bon
2025-05-22 20:33:43
1
phadoue009
@ Halamadridynadamas⚽️⚽️⚽️⚽️⚽️ :
Pa gen kenn psaumes pou fe moun mal..
2025-05-20 23:40:59
1
zenhaitpromo00
Wilmixzoe :
mezanmiiii menm disparet wi depi sou 3s mgentan lage cha😂😂😂😂😂
2025-05-23 19:20:06
1
lasagessesuzie
la sagesse dit susie :
mh pa gen kouraj poum ale sanm pa abòne
2025-05-23 18:53:34
1
itsked509
♎ W̶e̶n̶d̶y̶ G̶e̶e̶ K̶e̶d̶ ⚖️ :
menm finn disparét mmmm pa konn kóman poum tounen non e mmmm pa gen bible la nan menm poum ta re li psaume nan
2025-05-23 00:13:29
2
mirah3000
Mirah🫠🥰😇 :
pam nan pa gn som 196😭😭😭
2025-05-22 18:49:33
2
madame.thania
Madame Thania :
c 150 s'aime Bible la gnyn ui.
2025-05-23 05:22:34
1
.wensley.bo
Joseph wensley Bonheur :
Mnche ou met f saw vle me pap f #8 la
2025-05-23 03:07:17
1
To see more videos from user @demon__509_lemaitre, please go to the Tikwm homepage.

Other Videos


About