@radioteleking2: TANSYON MONTE DELMAS 30! 🚨🔥 Jodi a, lari a te pale fò devan Villa d'Accueil! Plizyè militan, fanm ak jèn, ki te akonpanye"Arab", te voye yon mesaj ki klè bay Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Yo bouke tann! Revandikasyon yo senp men ijan: 💧 AKSÈ AK DLO POTAB: "Nou swaf! Timoun yo ap plede tonbe malad." 🏠 "Nou pa gen kote pou n dòmi, Leta dwe akonpanye nou." ❌ DEPA KPT A: Yo mande demisyon prese prese 9 manm Konsèy la, paske yo estime yo pa ka rezoud pwoblèm pèp la. Pawòl yon manman nan manifestasyon an: "Si yo pa gen kapasite pou yo dirije, fòk yo bay demisyon yo, pou moun ki vle travay ka pran plas yo!" E ou menm, kisa w panse de mouvman sa a? Èske se sèl fason pou fè tande vwa pèp la? Bay avi w nan kòmantè yo! Pataje pou plis moun okouran! 👇 #Delmas30 #Haiti #Ayiti #KrizAyiti #RadioTeleKing
Radio Tele King
Region: DO
Thursday 16 October 2025 13:23:27 GMT
Music
Download
Comments
Men zen paw Tv :
🥰🥰🥰
2025-10-16 21:46:55
0
DG men abit la kole souli :
yon pote boure ki pou fêt sou 9 volè sa yo wi
2025-10-16 14:02:57
0
To see more videos from user @radioteleking2, please go to the Tikwm
homepage.