@radiotelemonopole: Actu 5 22 OKTOB 2025 TIT Ayiti –move tan : Tanpet twopikal Melissa kapab tounen yon ouragan a pati demen jedi a dapre inite idwo meteyowolojik dayiti.Gen sant nasyonal ouragan ki baze nan peyi etazini ki mete yon avi siveyans ouragan pou penensil sidwes peyi dayiti. Plizyè sitwayen kap viv nan kan deplase lekol nasyonal repiblik Ekwatè nan Delmas 41 ,eksprime gwo enkyetid yo fas ak menas tanpèt twopikal Mélissa aloske moun sa yo deja ap viv yon moman difisil swete otorite yo voye je gade yo pou evite mete abse sou klou Dosye koripsyon: Ansyen senatè Youri Latortue ak Joseph Lambert prezante devan lakou dapel potoprens jounen mekredi 22 oktob 2025 lan. Ansyen senatè yo te paret devan lakou dapel pou reponn kesyon nan kad yon ankèt sou koripsyon ULCC te mennen sou sénat repiblik la. Nan peyi lafrans,prezidant mize louv la demisyone apre moun yo pa rive idantifye te kase mize a epi ale ak dives objè ki gen anpil valè Samuel Jean Baptiste se envite jounal la aswè a.Sekretè Egzekitif akademi kreyol la (AKA) ap bay detay sou mwa oktob ki se mwa Lang ak kilti kreyòl kote gen dives aktivite ki déjà lanse nan okazyon an. #journal #haitiantiktok #actualite #viral #news @N A C H E L I E ✝️🇭🇹